Accessibility links

Breaking News

Ejip: Manifestasyon pou Denonse Volonte Lame pou l Kenbe Pouvwa a


Nan peyi Lejip, lidè pati politik ki rele Fratènite mizilman an pwomèt pou yo leve kanpe kont dispozisyon militè yo fèk pran pou yo konsolide menmiz yo sou pouvwa a nan moman ekip jeneral kap dirije peyi a pa atache tèlman enpòtans nan pawòl k ap di kòmkwa yo ta mete sou pye yon tantativ koudeta.

Fratènite mizilman an lanse apèl pou l mande pèp la fè manifestasyon atravè tout peyi a madi 19 jen 2012 la pou denonse deklarasyon lame a fè pou l bay tèt li ak tribinal yo plen pouvwa pou yo pran desizyon sou politik nasyonal ak entènasyonal peyi a, epi dirije travay ki pral fèt pou ekri yon nouvo pwojè konstitisyon an.

Yon lòt kote, Mouvman Jenès 6 Avril la ak plizyè sendika lanse apèl tou pou yo mande manifestasyon an mas kont desizyon lame pran pou l konsolide kontwòl li sou pouvwa a. Jeneral yo te pran desizyon sa a apre Pati Fratènite Mizilman an te kriye viktwa nan premye eleksyon prezidansyèl lib ki dewoule nan peyi Lejip avèk patisipasyon divès pati politik.
XS
SM
MD
LG