Chanm Depite Etazini pase samdi a yon pwojè-lwa ak sipò 2 pati politik yo, ki vini an 4 moso, ki gen 95 milya dola èd pou Ikrèn, Izrayèl ak Taiwan, sa ki mete pwojè-lwa a sou ray pou li antre ann aplikasyon apre yon wout long, difisil pou travèse Kongrè a.