Accessibility links

Breaking News

Yon Sòlda Ameriken ki Jwenn Arestasyon nan Larisi pou Vòl te Vwayaje san Otorizasyon


Selfie shows U.S. serviceman detained in Russia, in an unspecified location
Selfie shows U.S. serviceman detained in Russia, in an unspecified location

Pentagòn di Madi a yon sòlda ameriken ke otorite ris yo arete nan Larisi te vwayaje ale nan peyi sila pandan li te nan vakans malgre entèdiksyon Depatman Defans ak Depatman Deta.

Otorite ameriken yo di ke solda a te pase pa Lachin pou li ale Larisi san otorizasyon militè pou vwayaj la.

Otorite Larisi yo di sòlda a, ke Lame Ameriken te idantifye kòm Sèjan Estaf Gordon Black, jwenn arestasyon anba akizasyon pou vòl.

Black te nan Camp Humphreys nan Kore di Sid e li te dwe retounen Texas.

Men pòtpawòl Pentagòn Sabrina Singh di:

"Olye pou li retounen ozetazini, Black te pran avyon soti nan Kore di Sid e li pase an Chin epi rive Vladivostok nan Larisi pou rezon pèsonèl. Kounye a Black fèmen nan detansyon prevantif kote li ap tann jijman. Mwen konprann li pral rete la jiskaske lajistis tande ka li a. Mwen pa sèten nan ki dat. Se Depatman Deta ki ka bay detay sou sa.

Lame a di ke Ministè Enteryè Ris te enfòme Etazini nan dat 3 Me 2024 la ke Black jwenn arestasyon li nan jou avan an pou "vòl pwopriyete pèsonèl".

Ministè Enteryè Ris la di ke yon fanm 32-zan te depoze yon plent kont prevni an ki gen 34-lane.

Mesyedam yo te rankontre Kore di Sid, epi Black te al vizite li nan Larisi, dapre sa ministè a di.

Ministè a di tou : Diskisyon te pete antre yo, epi pita dam nan te depoze yon rapò lapolis ki akize l kòm vòlè lajan.

Black te jwenn arestasyon li nan yon otèl lokal, apre li te fin achte yon tikè avyon pou retounen lakay li.

Minis Afè Etranjè Ris la di ke dosye a pa gen okenn eleman politik ladann e pa gen okenn akizasyon espyonaj.

XS
SM
MD
LG