Accessibility links

Breaking News

Larisi Arete yon Sòlda Ameriken ke li Akize Vòlè nan men Menaj li


Foto Achiv: Yon pon ki konekte zile Russky ak Vladivostok nan es Larisi, 26 Out, 2023.
Foto Achiv: Yon pon ki konekte zile Russky ak Vladivostok nan es Larisi, 26 Out, 2023.

Yon sòlda Ameriken anba kòd nan vil pòtyè Ris Vladivostok kote yo akize l dèske li vòlè yon bagay nan men menaj li.

Se sa responsab Ameriken ki te pale ak Associated Press fè konnen.

Responsab yo di solda a Sèjan Gordon Black, 34 an, te estasyone nan Kore di Sid e li te sou chimen pou l retounen lakay li nan Fo Cavazos nan eta Texas.

Olye de sa, responsab yo di Black, ki se yon nèg marye, te vwayaje al Larisi pou wè dam ki menaj li depi lontan.

Yo te arete misye semèn pase a e li toujou fèmen nan prizon.

Arestasyon an konplike relasyon Etazini ak Larisi, ki chaje ak tansyon akoz lagè Ikrèn nan.

Responsab yo te pale ak AP sou kondisyon pou yo pa site non yo, pou yo te ka diskite detay pèsonèl.

XS
SM
MD
LG