Accessibility links

Breaking News

Medya nan LaRisi rapòte ke Kremlen an Gen plan deplwaye misil balistik toupre fwontyè li ak Finland


FILE PHOTO: Russian President Vladimir Putin in Moscow
FILE PHOTO: Russian President Vladimir Putin in Moscow

Medya nan LaRisi rapòte ke Kremlen an gen plan deplwaye misil balistik toupre fwontyè li ak Finland. Se dènye nan yon seri menas militè LaRisi kont Finland depi peyi a te antre nan l-OTAN ann Avril ane pase apre Moskou te anvayi Ikrèn.

Jounal ris Izvestia rapòte ayè lendi a ke yon nouvo brigad pral nan rejyon Karelia ki sou fowntyè ak Finland, brigad ki pwal gen sistèm misil balistik Iskander-M.

Nouvèl Izvestia a site pawol yon ansyen kòmandan Flòt Baltik LaRisi a, Amiral Vladimir Valuev, ki di jounal la ke «fòmasyon yon brigad misil se yon desizyon ki vini nan bon moman an. Se yon repons kòmsadwa pou Finland ki antre nan l-OTAN an. »

Posib deplwayman an pa enkyete Helsinki, dapre analis sou sekirite Charly Salonius-Paskernak nan Institi Afè Entènasyonal Finland.

XS
SM
MD
LG