Accessibility links

Breaking News

Yon Sondaj AP-NORC: Anpil moun di ke Biden ak Trump Fè Plis Mal Pase Byen Pandan Prezidans yo


In this combination of photos, President Joe Biden, left, speaks on Aug. 10, 2023, in Salt Lake City, and former President Donald Trump speaks on June 13, 2023, in Bedminster, New Jersey.
In this combination of photos, President Joe Biden, left, speaks on Aug. 10, 2023, in Salt Lake City, and former President Donald Trump speaks on June 13, 2023, in Bedminster, New Jersey.

WASHINGTON (AP) — Yon nouvo sondaj ki soti nan Sant AP-NORC pou Rechèch sou Afè Piblik jwenn ke plis pase mwatye nan adilt ameriken panse prezidans Joe Biden te fè peyi a mal ak lavi a ki vin pi chè sou li epi ak nan sa ki gen pou wè ak imigrasyon.

Pandanstan, prèske mwatye panse ke prezidans Donald Trump fè peyi a mal tou nan sa ki gen rapò ak dwa vòt ak sekirite nan eleksyon, relasyon ak lòt peyi, ak lwa sou jete pitit e ak chanjman klima.

Sondaj opinyon montre tou Ameriken an jeneral panse ke nan Mezon Blanch, tou 2 lidè yo te fè plis mal pase byen.

Pandanstan, lè yo te mande ki prezidan ki te fè plis pou ede moun tankou yo, apeprè yon tyè di Donald Trump epi apeprè yon ka di Joe Biden.

Men apeprè 30% adilt di ni Biden ni Trump pat nan enterè yo.

XS
SM
MD
LG