Accessibility links

Breaking News

LaRisi Lanse Atak Aeryen sou Enfrastrikti Sivil ak Enèji nan Ikrèn


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

LaRisi lanse nan jou ki pase yo anpil atak aeryen ak frap dronn sou enfrastrikti sivil ak enèji nan Ikrèn, kote gen viktim ak gwo dega.

Nouvo frap ki fèt jodi vandredi a te vize enstalasyon enèji nan rejyon Dnipropetrovsk, ki sibi gwo dega apre li te pran dife nan atak dronn ris bonè maten an, se sa lame Ikrèn nan ak yon otorite rejyonal fè konnen.

Yo pa idantifye enstalasyon enèji a nan rapò lame a, ki sèlman di ke debri 4 dronn ke yo desann te tonbe sou teritwa yon enfrastrikti ki enpòtan anpil nan distri Kryvorizka, e mete dife ladann.

Ponpye ikrenyen te degaje yo etenn dife a, men yo pa te ka evalye dega yo touswit, dapre direktè rejyonal sèvis ponpye a Serhiy Lysak.

XS
SM
MD
LG