Accessibility links

Breaking News

Pwokirè Manhattan Alvin Bragg di Jijman Kriminèl Trump Nan New York la Pa Gen Rapò ak Politik


NEW YORK (AP) — Pwokirè distri Manhattan Alvin Bragg trouve li nan mitan yon tanpèt politik pandan l ap prepare pou l dirije premye pouswit kriminèl kont ansyen prezidan Donald Trump.

Depi apre eleksyon Bragg sa gen dezan, Demokrat la pale anpil fwa sou jan li pa alèz ak ekzijans politik ki gen nan travay li a.

Jijman pwal fèt sou swadizan lajan Trump te peye yon aktris pòno pou li fè silans sou relasyon ke manmzèl te gen ak ansyen prezidan an, nan moman Trump tap mennen kanpay pou eleksyon 2016 la. Jiman sa a pral teste efò Bragg pou montre ke li pa nan pollitik devan atak ansyen prezidan Repibliken an ak sipòtè li yo.

Bragg di ke li ap trete Trump menm jan li ta fè pou nenpòt lòt akize nan yon dosye krim ki ta enplike gwo biznis yo. Jijman an pwograme pou kòmanse Lendi.

XS
SM
MD
LG