Accessibility links

Breaking News

Jack Smith Mande Kou Siprèm pou l Rejte Reklamasyon Iminite Trump Reklame yo


FILE PHOTO: Former U.S. President Donald Trump and Special Counsel Jack Smith
FILE PHOTO: Former U.S. President Donald Trump and Special Counsel Jack Smith

WASHINGTON (AP) — Ekip Avoka Espesyal Jack Smith la mande Tribinal Siprèm lan pou l rejte reklamasyon ansyen Prezidan Donald Trump fè kote li di li gen pwoteksyon kont aksyon lajistis nan yon dosye kote yo akize l nan konplo pou chache ranvèse rezilta eleksyon prezidansyèl 2020 an.

Avoka gouvènman yo te soumèt pozisyon pa yo plis pase de semèn anvan jij nan Kou Siprèm nan yo fè deba sou yon kesyon ke yo pako janm teste legalman ki se: èske ansyen prezidan yo gen iminite, kidonk pwoteksyon kont akizasyon kriminèl pou aksyon ofisyèl ke yo te pran pandan yo te prezidan nan Mezon Blanch.

Rezilta deba 25 Avril yo ka ede detèmine si Trump pral nan jijman ane sa a anba 4 akizasyon ki di kòmkwa li te mare konplo pou bloke transfè pasifik pouvwa a apre li te pèdi eleksyon 2020 an devan prezidan Demokrat Joe Biden.

XS
SM
MD
LG