Accessibility links

Breaking News

Trump: Se Eta Ameriken yo ki Dwe Deside sou Dwa Medam yo pou Fè Dilatasyon


Ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump salye fanatik li yo nan moman li rive nan yon evenman Repibliken pou kotize lajan pou kanpay li nan Palm Beach, Florid, 6 Avril, 2024.
Ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump salye fanatik li yo nan moman li rive nan yon evenman Repibliken pou kotize lajan pou kanpay li nan Palm Beach, Florid, 6 Avril, 2024.

Se eta ameriken yo ki ta dwe deside sou dwa pou medam yo fè dilatasyon, se pawòl kandida prezidansyèl Repibliken Donald Trump jodi lendi a, kidonk li rejte tout bon yon entèdiksyon nasyonal sou avòtman apre dè mwa kote li te konn bay siyal depaman sou youn nan sijè ki ap fè plis diskisyon nan eleksyon mwa Novanm ki ap vini an.

“Opinyon pa m kounyea sèke nou gen yon sityasyon kote tout moun vle wè lwa sou dilatasyon, eben eta yo pwal detèmine sa nan yon bilten vòt oubyen yon pwojè-lwa oubyen tou le 2, e kèlkeswa sa yo deside a dwe tounen lwa eta a,” se sa posib kandida pou nominasyon prezidansyèl Repibliken an di sou rezo sosyal Verite li.

Se menm bagay la Kou Siprèm Etazini an te deside an 2022 – ladann gen 3 jij ke Trump te nonmen – tribinal la te deside ke chak eta ta dwe gen pwòp lwa li sou dilatasyon.

XS
SM
MD
LG