Dè milyon Ameriken gen pou yo fè eksperyans tanperati ki ka bat rekò pandan yon vag chalè ap vanse sou pati sidwès Etazini semenn sa a.
Lame Izrayèl la lanse yon frap ayeryen jodi jedi a sou yon lekòl l-ONU nan sant Gaza, kote responsab sante palestinyen yo di 33 moun pou pi piti pèdi lavi yo.
Chanm Depite Etazini an lanse aksyon kriminèl kont pitit gason Prezidan Joe Biden, Hunter Biden, ak frè li, ke yo akize kòmkwa yo te bay fo deklarasyon bay Kongrè a nan kad yon ankèt pou destitisyon ke Repibliken yo ap mennen depi yon lane.
Lame Izrayèl la lanse yon frap aeryen jodi jedi a sou yon lekòl l-ONU nan sant Gaza, kote responsab sante palestinyen yo di 33 moun pou pi piti pèdi lavi yo.
Lame Izrayèl la touche pati sant Gaza ak frap aeryen nan moman li anonse koumansman « aktivite kote li ap chwazi sa li vle frape » nan 2 zonn jodi mèkredi a.
Anbasad ameriken nan Beirut, kapital peyi Liban, di ayè mèkredi a estaf li ak local li an sekirite apre nouvèl te fè konnen kout zam te tire toupre antre anbasad la.
Tribinal koumanse chwazi manm jiri jodi lendi a nan yon pwosè federal sou kesyon zam kont pitit gason Prezidan Joe Biden apre ke yon antant ke li te fè ak avoka gouvènman te kraze. Antant la te vize evite espektak yon jijman toupre ak dat eleksyon 2024 la.
Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump deklare li pare pou fè fas ak yon posib tou prizon apre yon jiri fin kondane li poutèt li ta chache ilegalman enfliyanse rezilta eleksyon 2016 la ke li te genyen, men li di ke li « pa sèten ke piblik la ap aksepte sa. »
Pou pi piti 2 majistra vil ki sou fwontyè Texas ak Meksik ap mete tèt pou Washington demen madi a lè Prezidan Joe Biden gen pou anonse yon dekrè ekzekitif sou imigrasyon, dekrè ki pwal make dènye plan ki pi agresif li pou redui kantite migran ki ka rive mande azil nan Etazini.
Etazini anonse ayè jedi a ke li bay Ikrèn pèmisyon pou sèvi ak zam ameriken pou vize LaRisi men sèlman toupre Kharkiv, 2èm vil Ikrèn.
Fòs izraelyen yo frape Jodi vandredi a pozisyon plizyè kote nan Gaza, e kèk temwen rapòte frap aeryen nan alantou vil Rafah nan sid Gaza, ki se pwen kote batay yo santre kounye a nan lagè a ki la depi preske 8 mwa.
Kondanasyon istorik ki tonbe sou ansyen Prezidan Etazini Donald Trump anba 34 akizasyon kriminèl nan New York ayè jedi a atire reyaksyon rapid nan klas politik la.
Prezidan Ejipsyen Abdel Fattah el-Sissi mande kominote entènasyonal la jodi jedi a pou li aji pou sispann lagè Gaza a.
Pandan rete 5 mwa pou eleksyon mwa Novanm nan, kote pèsonn pako wè siy yon fen nan lagè Ikrèn ak Gaza, Prezidan Joe Biden ap eseye detounen atansyon elektè yo sou priyorite andan peyi a pito.
Elektè nan Afrik di Sid koumanse vote jodi mèkredi a nan yon eleksyon ki parèt kòm vòt ki pi enpòtan pou peyi a depi 30 lane, epi youn ki ka voye jenn demokrasi peyi a nan yon wout ki nouvo pou li.
Lame Izraelyen di jodi mèkredi a 3 solda li tonbe nan vil Rafah nan sid Gaza, kote rezidan yo rapòte nouvo atak Izralyen, e Hamas di li tire wokèt sou fòs Izrayèl yo.
Kantite prizonye nan LaRisi redwi, kote otorite yo lage 58.000 ane pase, se sa laprès endepandan ris rapòte jodi vandredi a, kote li di rediksyon an te kontinye an pati akoz rekritman prizonye pou voye yo goumen nan Ikrèn.
Load more