« Mwen ekzòte plis toujou kominote entènasyonal-la pou li pran aksyon djanm touswit pou fasilite livrezon san pwoblèm èd imanitè ak asistans nan Gaza, travèse syèj Izrayèl-la epi fè fas kare ak nenpòt efò pou fòse Palestinyen kite tè yo, » se sa el-Sissi di pandan li-menm ak lòt lidè arab t ap patisipe nan yon somè nan Peken.
Prezidan chinwa Xi Jinping anonse jodi jedi a ke LaChin ap bay 69 milyon dola èd imanitè pou Gaza, ansanm ak 3 milyon dola pou ajans l-ONU pou refijye palestinyen an yo.
Xi di ke lagè a “pa dwe kontinye pou tout tan” pandan li ap repete pozisyon LaChin sou nesesite pou gen yon solisyon 2 eta pou mete fen nan kriz Izrayèl-Palestin nan.