Accessibility links

Breaking News

Xi Pwomèt plis Èd pou Gaza ak Chita Pale sou Komès nan Somè ak Lidè Arab yo


China Arab Forum
China Arab Forum

BEIJING (AP) — Prezidan Chinwa Xi Jinping mande pou tabli yon eta palestinyen endepandan epi li pwomèt plis èd imanitè pou popilasyon Gaza a.

Xi louvri yon somè ak lidè eta Arab yo Jedi nan Peken lè li te pale de "soufrans " moun ki ap viv nan Gaza depi lagè a te kòmanse nan mwa Oktòb la.

Nan Woumble pou Koperasyon Lachin ak Eta Arab yo, gen chèf deta ki soti nan peyi Ejip, Emira Arab Ini, Tinizi, Bahrain ak lòt ki reponn prezan.

Lidè Chinwa a mande yon koperasyon pi serye nan domèn tankou komès, enèji pwòp, eksplorasyon espas ak swen sante.

Peken ak eta Arab yo apiye Palestinyen yo nan konfli Izrayèl ak Hamas la, kote Izrayèl ap fè fas ak plis kondanasyon entènasyonal.

XS
SM
MD
LG