Izrayèl lanse operasyon militè li nan Rafah depi koumansman mwa Me, malgre kominote entènasyonal la pa dakò akoz enkyetid pou sekirite sivil ki pran abri sou fwontyè vil Gaza ak Ejip.
Yon frap nan wikenn nan ki deklannche dife epi touye dè douzèn moun nan yon kan pou moun deplase, atire yon vag nouvo kondanasyon.
Frap ki fèt 2 kote pandan lannwit la touye an tou 11 moun, dapre sous medikal nan yon lopital nan Deir al-Balah ak kan refijye Nuseirat.