Prezidan peyi Venezyela, Nicolas Maduro, deklare lendi 24 avril la ke gouvènman l lan pral retounen bò tab negosyasyon ak opozisyon an sèlman si gouvènman ameriken an debloke byen Venezyelyen ke li jele nan sistèm finansye entènasyonal la.
Lapolis nan Kenya detere an tou 73 kadav nan lakou kay pastè Paul Mackenzi, e disip sa yo te kwè yo ta ale nan syèl la si yo te mouri grangou, dapre sa yon otorite lapolis di nan Lendi.
Plizyè milye migran ki sot pase plizyè mwa anba kòd nan sid Meksik mete tèt pou kapital meksiken an vil Meksiko nan yon nouvo karavàn pou ogmante presyon pou akselere pwosesis aplikasyon pou azil Ozetazini.
Ansyen prezidan peyi Pewou Alejandro Toledo pase premye nwit li nan prizon nan yon katye nan kapital la, Lima, apre Etazini te ekstrade li dimanch 23 avril 2023 a sou demann gouvènman Pewou a.
Lapolis di vandredi 21 avril la yon nonm ak zam antre kay yon fanmi nan vil Pietermaritzburg, nan Afrik di Sid, e fizye 10 moun.
Polòy rive jwenn yon akò ak Ikrèn Madi pou pèmèt sereyal Ikrenyen pase lakay li apre Vasovi te entèdi enpòtasyon sereyal kòm repons pou manifestasyon kiltivatè nan peyi a.
NEW YORK (AP) — Ansyen Prezidan Donald Trump te nan biwo avoka jeneral New York la pou yon dezyèm seyans depozisyon ki rantre nan kad yon batay legal sou jan konpayi li an fè biznis.
Kore di Nò tire yon misil nan lanmè, dapre sa Chef Deta Majò lame Kore di Sid la fè konnen jedi 13 Avril.
Ansyen prezidan ameriken Donald Trump di si yo kondane l pou yon krim, li ap toujou rete kandida pou prezidan an 2024, sa se deklarasyon li nan yon entèvyou ki te pase nan pwogram 'Tucker Carlson Tonight' sou chèn televizyon Fox News.
Ansyen prezidan ameriken Donald Trump asiyen ansyen avoka li Michael Cohen pou plis pase 500 milyon dola, dapre yon depozisyon ki fèt nan yon tribinal federal nan Florid Mèkredi 12 avril la.
Kadav 17 migran peyi Gwatemala ki te mouri nan yon dife ki te pran nan yon sant detansyon pou migran nan Meksik retounen lakay yo madi 11 Avril la.
Pap Franswa, ki te parèt refè nèt apre li te entène lopital semèn pase a pou yon bwonchit ki tap sakaje li.
Johnson & Johnson dakò pou peye 8.9 milya dola pou rezoud plizyè dizèn milye pwosè ke li gen kont li, akoz kèk pwodwi li, antwòt poud talc pou bebe a, lakòz kansè, dapre sa konpayi an di.
Load more