Accessibility links

Breaking News

Sendomeng Mete Gwo Mezi Sekirite sou Fwontyè li nan moman kote Sitiyasyon an toujou rete Konplike ann Ayiti


DOMINICAN REPUBLIC-SECURITY/
DOMINICAN REPUBLIC-SECURITY/

Sendomeng ogmante sekirite a sou fwontyè nòdwès li pandan zak vyolans kontinye ap ogmante ann Ayiti.

Sòlda Dominiken t ap veye pandan Ayisyen t ap pote machandiz ak espwa pou yo ale nan mache binasyonal la nan Dajabon, e yo te kanpe nan liy pou Dominiken fè anprent yo.

Senatè Dajabon David Sosa di pifò moun ki travèse ale nan mache binasyonal la vle sèlman achte machandiz, pa rete nan Sendomeng.

Vyolans gang yo mete laperèz nan mitan popilasyon an, sa ki te pouse Caricom resevwa reprezantan plizyè pati politik pou fòme yon konsèy prezidansyèl ki pwal asire yon tranzisyon, apre ke Premye-minis Ariel Henry te anonse ke li ap bay demisyon li.

XS
SM
MD
LG