Accessibility links

Breaking News

Paris Swete Eleksyon Fèt "Rapid Rapid" Ann Ayiti


Conference of Heads of Government of the Caribbean Community, in Kingston
Conference of Heads of Government of the Caribbean Community, in Kingston

Lafrans apiye fòmasyon yon konsèy prezidansyèl pou tranzisyon ke CARICOM te pwopoze, konsèy ki gen pou chwazi ann apre yon gouvènman pou jere tranzisyon an ann Ayiti, e li lanse apèl pou mande eleksyon "byen vit" nan peyi a, se sa yon sous diplomatik franse te di samdi.

Kominote Karayib la (Caricom), Nasyonzini ak Lèzetazini apiye fòmasyon konsèy prezidansyèl pou tranzisyon an, nan kad yon akò pou mete fen nan kriz la.

Akò sa a "p ap fasil pou aplike, men li bezwen sipò paske se yon chans istorik pou Ayiti soti nan labou kote li ye a, gras ak yon fòmil ki ouvè pou tout tandans politik yo nan peyi a", dapre sous diplomatik franse yo.

"Nou ka sipòte men nou pa ka deside pou Ayisyen yo. Nou vle pèp ayisyen an òganize eleksyon rapid," se sa sous yo ajoute.

Dapre Paris, te gen yon "antant jeneral" nan reyinyon Kingston nan "pou Konsèy Prezidansyèl la pa gen moun ki anba kondanasyon, anba akizasyon, ni anba sanksyon entènasyonal."

Ayiti plonje nan yon sitiyasyon ki prèske dezòd total kote gang kontwole 80 pousan kapital la, komèt anpil move zak tankou asasinay, kadejak, ak kidnapping pou ranson.

XS
SM
MD
LG