Accessibility links

Breaking News

Ezequiel Alexandre yon Swadizan Chèf Gang ki Sove nan prizon, Repran Kontwòl Kafou Fèy


HAITI-VIOLENCE/
HAITI-VIOLENCE/

Yon swadizan chèf gang ki fèk sove nan prensipal prizon Pòtoprens la mande patizan li yo madi 19 mas la pou yo repran kontwòl komin Kafou Feuilles ke yon gang rival te pran apre arestasyon l.

Ezequiel Alexandre se youn nan prizonye ki te kouri kite Penitansye Nasyonal nan kòmansman Mas 2024 la.

Alexandre te jwenn arestasyon li nan mwa jen 2022 nan komin Kafou Feuilles pou swadizan patisipasyon li nan zak asasinay, nan posede zam afe ilegalman, vyòl ak vòl ame.

Lè li tounen nan zòn nan, Alexandre mache ak yon foul moun ki te anvi retounen lakay yo ke yo te kouri kite akoz Ti Lapli ki te ènmi gang li an.

Chèf Gang Ezequiel Alexandre Mande Patizan l Ede l Reprann Kontwol Komin Kafou Fèy
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:40 0:00

Nan kòmansman mwa Mas la plizyè milye prizonye ki te fèmen nan Penitansye Nasyonal Potoprens swa mouri, swa chape nan afwontman ak lapolis ki tap veye prizon an e ak gwoup sivil ame.

Yon enjenyè kap ede PNH e ki t al fè konsta di VOA Kreyòl ke sou 4,000 prizonye ki te nan Penitansye a, gen 99 ki pat kite prizon an.

Premye Minis ayisyen Ariel Henry te anonse semèn pase a ke li ap demisyone depi gen yon konsèy prezidansyèl ki ranplase li.

Aktivite toujou rete paralize apre atak sou pi gwo prizon nan peyi a, atak sou BRH ki se Bank Santral Repiblik Ayiti, ak sou kay chèf polis nasyonal la Frantz Elbe.

Pandanstan kapital la ak zonn alantou yo toujou ap sibi atak neg ame ki, dapre yon rapò nasyon zini, pran kontwòl 80% kapital la.

XS
SM
MD
LG