Accessibility links

Breaking News

Iran: Yon Rasanbleman nan Teheran Pou Rann Omaj pou Kòmandan ki Pèdi Lavi nan Atak ki te Fèt sou Anbasad Iran an


Mourners reach out to the flag-draped coffins of Revolutionary Guard members killed in an airstrike widely attributed to Israel that destroyed Iran's Consulate in Syria on Monday, in a funeral procession in Tehran, Iran, on April 5, 2024.
Mourners reach out to the flag-draped coffins of Revolutionary Guard members killed in an airstrike widely attributed to Israel that destroyed Iran's Consulate in Syria on Monday, in a funeral procession in Tehran, Iran, on April 5, 2024.

Manifestan anvayi lari Teheran vandredi 5 avril pou onore epi asiste antèman ofisye Iranyen ki te mouri nan sa otorite nan Iran sispèk kòm yon atak anbasad Izrayelyen an nan Damas, kapital peyi Siri.

Yo te pote foto viktim yo ak bandwòl ki gen slogan tankou "Aba Izrayèl" ak "Aba Etazini", epi yo boule drapo Ameriken ak Izrayelyen.

Pami moun ki mouri yo gen youn nan pi gwo sòlda Iran yo, Brigadye Jeneral Mohammad Reza Zahedi, yon kòmandan wo nivo nan Kò Gad Revolisyonè Islamik la (IRGC) ki t ap vizite lokal anbasad Iranyen an nan Damas lendi 1ye avril la.

Antèman an fèt nan dat Jounen Quds ke yo selebre chak ane nan Jerizalèm, dat kote Iran konn òganize nan tout peyi a gwo rasanbleman ke gouvènman an patwone ki anfavè Palestinyen epi kont Izrayèl.

Iran avèti ke pwal gen vanjans malouk, sa ki ogmante posiblite pou gen yon lagè pi laj nan mwayenn Oryan an, ki ka pouse fòs lame Izraelyen yo entèdi sòlda pran konje nan tout inite konba yo depi jedi 4 Avril.

Sete pi gwo frap aeryen e ki touye plis moun nan yon seri atak ki detwi lavi dirijan Iranyen nan peyi Siri depi mwa Desanm.

Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu te di, Jedi, peyi li ap frape "kèlkeswa ki moun ki frape nou oswa ki gen entansyon frape nou."

XS
SM
MD
LG