Accessibility links

Breaking News

Etazini Poko Pran Okenn Desizyon sou Si Militè Ameriken pral Ede Evakye Resòtisan li soti Ayiti


Foto Achiv: Pot Pawol Konsey Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, John Kirby pale ak jounalis yo nan Washington.
Foto Achiv: Pot Pawol Konsey Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, John Kirby pale ak jounalis yo nan Washington.

Lamezonblanch deklare Mèkredi ke okenn desizyon poko pran vizavi posibilite pou militè Ameriken ta ede evakye resòtisan li yo soti Ayiti.

Pòtpawòl Lamezonblanch sou koze ki gen pou wè ak sekirite nasyonal, John Kirby, te reponn kestyon jounalis yo abò avyon prezidansyèl la Air Force One. Avyon an tap transpòte Prezidan Joe Biden ale nan vil Dallas, Texas.

Kirby deklare: "Poko gen okenn desizyon ki pran sou okenn sipò militè Ameriken."

XS
SM
MD
LG