Accessibility links

Breaking News

Washington di li Espere Konsèy Tranzisyon Ayiti a ap Pare lendi sa a


Vedant Patel during briefing in the Department of State, 11 January 2024
Vedant Patel during briefing in the Department of State, 11 January 2024

Etazini eksprime espwa ke yon konsèy tranzisyon prezidansyèl ki gen pou al pran tèt peyi a ap pare Lendi.

Pou kounya premye minis Ayisyen Ariel Henry pwomèt pou li bay demisyon apre konsèy la fin enstale.

Pòtpawòl Depatman Deta Vedant Patel di: “Pati konsène yo prèske fin mete men nan konpozisyon konsèy la”.

Dapre rapò LONU, omwen 80% nan kapital peyi a anba kontwòl gang yo. Nan semèn ki pase yo, gang yo te lanse plizyè atak sou enstitisyon leta ak prive, pami yo ministè, ak ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture ki oblije sispan tout aktivite li apre nèg ak zam te tire sou avyon ki te sou pis aterisaj la.

Nan dat 17 Mas Depatman Deta te anonse yon avyon “Charter ”te evakye plis pase 30 moun fè yo kite Ayiti, etan nan aweyopò dezyèm vil peyi a, Okap. Avyon charter a te ateri nan Florid dimanch.

Nan Okap semèn sa 3 konpayi aeryen reprann vòl yo apre ayewopò a te re-ouvè piti piti.

XS
SM
MD
LG