Medya leta chinwa a fè konnen lapolis nan pwovens Hainan, nan pati sid peyi a, pral gen otorizasyon pou yo kanpe, tcheke, sezi e mete deyò bato etranje ki antre nan dlo yo “ilegalman”
2 jwè lotri nan Eta Arizona ak Mizouri ranpòte « Superball » la, lotri nasyonal ameriken an, ki te mnte rivee semèn sa a 580 milyon dola
Nan kad lit kont ensekite a, lapolis nan Kap Ayisyen mete sou pye yon kanpay “komisarya mobil” ki deja pèmèt arestasyon 50 sispèk
Sena ayisyen an ap rankontre reprezantan plizyè sektè sou moun lap delege nan konsèy elektoral la nan moman anvwaye UNESCO pou Ayiti, Michaelle Jean, ap vizite peyi a
Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la fè chita pale avèk komisyon “Jistis e Sekirite” sou fenomèn ensekirite a nan palman ayisyen an
Prezidan ayisyen an Michel Martelly ak premye minis Laurent Lamothe kreye yon mekanis ki rele « Cadre de Coordination de l'aide externe au Déveloloppement », ann abreje (CAED)
Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la bay yon komisyon nan Sena a detay sou efò k ap fèt pou konbat fenomèn ensekirite a
Nan peyi Lejip, plis lese-frape dewoule ant lapolis ak manifestan ki pran lari pa santèn pou yodenonse « tandans diktatoryal » Prezidan Mohamed Morsi
Nan peyi Siri, 34 moun pou pi piti mouri nan kapital la, Damas, nan eksplozyon marasa 2 machin pyeje
Fritz Djenald Israel, se yon volontè nan Enpak, li te envite nan Fowòm Jèn
Daprè yon konpayi satelit, sanble aktivite moun pa abitye wè ap dewoule nan yon sant lansman misil nan Kore di Nò; sanble peyi sa a ap pare pou l lanse yon misil long pòte
Dapre otorite palestinyen yo, espesyalis entènasyonal re-antere kadav defen lidè palestinyen Yasser Arafat apre yo te detere li pou plis analiz sou koz lanmò li
Dapre biwo près prezidans la nan Pòtoprens, Prezidan Michel Martelly pral siyen plizyè akò kowoperasyon ak otorite kiben yo nan yon vizit lap kòmanse lendi nan La Avàn
Ann Ayiti, gouvènman Martelly-Lamothe la lanse ofisyèlman yon nouvo enstitisyon pou kowòdone asistans entènasyonal la
Ansyen prezidan ameriken Jimmy Carter ap Inogire kay nan Leyogàn pou viktim tranblemanntè janvye 2010 la
Ozetazini, manm Kongrè a ap pare pou yo fè negosyasyon ki kapab evite peyi a tonbe nan gwo pwoblèm fiskal nan kòmansman ane 2013 la
Delege k ap patisipe nan Konferans Nasyonzini sou Chanjman Klima a nan Doha, nan peyi Katar, pral pran pozisyon espesyalman kont yon pwolongasyon Pwotokòl Kyoto a
Plizyè milye anplwaye nan endistri tekstil la òganize manifestasyon tou prè kapital la pou yo mande pi bon pwoteksyon aprè dife a
Msye Ehud Barak ki gen 70 zan e ki se yon ansyen premye minis deklare li fatige ak vi politik la e li ta renmen pase plis tan avek fanmiy li
Ann Ejip, opozan Prezidan Muhamed Morsi pran daso biwo pati l la, Fratènite Mizilman, nan pati nò peyi a. Sa pwovoke yon konfwontasyon ki koze lanmò yon moun e omwen 40 lòt blese
Load more