Accessibility links

Breaking News

Etazini - Ekonomi: Kongrè a Anonse Negosyasyson sou Gwo Pwoblèm Fiskal Peyi a


Ozetazini, manm Kongrè a ap pare pou yo fè negosyasyon ki kapab evite peyi a tonbe nan gwo pwoblèm fiskal nan kòmansman ane 2013 la --pwoblèm tankou obligasyon pou gouvènmn an ogmante otomatikman taks sitwayen yo ap peye, epi yon gwo rediksyon nan depans leta federal la.

Manm repibliken nan Sena a, tankou Lindsey Graham, pale klè pou di, pou evite yon sitiyasyon konsa, yo dispoze retounen sou pwomès yo te fè pou yo pa vote pou ogmante taks; yo dispoze tou fè tout sa k posib pou yo chache redui defisi nasyonal la gras ak koupi nan depans yo sèlman.

Misye Graham di:
“Mwen pral vyole angajman nou te pran pou n pa vote pou plis taks. Repibliken yo fèt pou bay antre revni priyorite.”

Senatè demokrat Richard Durbin sanble pataje pozisyon kòlèg repibliken n nan. Antou ka, li fè konnen Demokrat yo ta dwe dispoze pran yon distans ak liyn pati a toujou afiche sou plan ekonomik la e apiye, pa egzanp, refòm nan pwogram ki ofri swen sante pou gran moun aje yo ak fonksyonè ki pran retrèt yo. Senatè Durbin deklare:

“Nou ta renmen pwogram swen-sante a rete la pou gran moun jodi a ak granmoun demen yo. Nou kapab fè bon jan refòm san nou pa konpwomèt entegrite pwogram nan.”

Pandan plizyè lane deja, sondaj dopinyon montre majorite ameriken yo apiye konpwomi ak antant ant 2 pati yo, olye yon enfleksibilite ideyolojik ki kapab pote blokaj nan travay leta federal nan Washignton.

Daprè anpil ekonomis, Lèzetazini riske tonbe nan yon lòt resesyon si Kongrè a ak La Mezon Blanch pa rive jwenn yon antant sou pwoblèm fiskal yo epi kite taks yo monte, kite depans yo bese a pati de premye janvye 2013.
XS
SM
MD
LG