Prezidan Michel Martelly, ki sot fè yon toune sou kontinan ewopeyen an, inogire yon pati nan travay renovasyon Ayeropò Entènasyonal Toussaint Louverture la nan Pòtoprens
Nan okazyon 20 nvanm nan ki se Jounen Entènasyonal Dwa Timoun , premye minis Laurent Lamothe patisipe nan konsèy-dè-minis Timoun yo
Prezidan Michel Martelly, k ap kontinye yon toune ann Ewòp, rankontre ak Pap Benwa 16 nan Vatikan jedi 22 novanm nan 2012 la. Souveren Pontif la pwomèt pou l ede Ayiti.
Batay fewòs ap dewoule nan pati sid Damas, pandan prezidan palman iranyen an, Ali Larijani, ap rankontre ak prezidan siryen an, Bashar al-Assad
Prezidan sòtan meksiken an, Felipe Calderon, pwopoze yon amandman konstitisyonèl ki tapèmèt yo chanje non peyi a
Premye Minis Laurent Lamothe rankontre ak otorite Polis Nasyonal la sou fenomèn ensekirite a ki simen gwo kèsote nan mitan popilasyon an
Eksplozyon an rive nan yon zònn ki toupre Camp Eggers nan yon seksyon nan Kaboul kote w jwenn katye jeneral l’OTAN ak kèk anbasad etranjè
Lèzetazini lanse avètisman pou l di deklarasyon sou dwamoun peyi manm Asosyasyon Sidès Azyatik la te adopte sa pa gen lontan, pa chita sou prensip entènasyonal yo
Prezidan RDK, Joseph Kabila, ak tokay wanndè l la, Paul Kagame, ap rankontre pou yo fè negosyasyon sou sitiyasyon an nan vil Goma, nan pati lès RDK, ki anba men rebèl yo
Ministè sekirite enteryè a nan eta Maharashtra, kote Mumbai sitiye a, deklare ekzekisyon an se yon omaj pou moun ki te pèdi lavi yo nan atak la
« Timoun se boujon Lespwa » se tèm responsab yo retni nan okazyon 20 novanm 2012 la ki se Jounen Entènasyonal Dwa Timoun yo
Yon panèl doktè ak syantifik ki gen apwi gouvènman ameriken an rekòmande pou tout moun ant 15 e 65 kan fè tès pou V-I-H , viris ki bay maladi SIDA a
Otorite nan Repiblik Demokratik Kongo, mande sanksyon kont Rwanda apre yon dènye afwontman ki rive nan vil kongolèz Goma
Yon tribinal nan peyi Pakistan rejte plizyè akizasyon kont yon jèn ti kretyèn 14 zan ki te anba akizasyon kòmkwa li ta komèt zak blasfèm
Mouvman geriya FARC la di li dipoze sispann tout operasyon militè ak zak sabotaj pou jouk nan dat 20 janvye 2013
Nan okazyon 209e anivèsè Batay « Vertières » la, aktè ayisyen Jimmy Jean-Louis, te prezan nan anbasad ayisyèn nan pou l reponn kesyon kominote a sou dènye fim li an "Toussaint Louverture"
Prezidan Michel Martelly presize li al chache opòtinite tou nèf pou Ayiti. Se sa ki fè li pat prezan nan peyi a nan okazyon 18 novanm nan, dat anivèsè Konba « Vertières » la
Sous medikal palestinyen di genyen preske 90 moun ki mouri depi lame eta ebre a te kòmanse operasyon militè l yo kont Hamas
Negosyasyon lapè yo ant reprezantan gouvènman kolonbyen an ak Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi (FARC) ap dewoule nan Kiba
Anbasad Dayiti nan Washington rann omaj bay Toussaint Louverture nan okazyon 18 novanm 2012 la, 209èm anivèsè Konba « Vertières » la
Load more