Accessibility links

Breaking News

Timoun se Boujon Lespwa


Institut du Bien Etre Social et de Recherches (IBESR) nan peyi Dayiti nan tèt kole ak plizyè òganizasyon te mete sou pye plizyè aktivite nan okazyon 20 Novanm nan ki se Jounen Entènasyonal Entènasyonal Dwa Timoun .

Youn nan moman ekstraòdinè jounen an se Konsèy dè minis avèk gouvènman timoun nan ki gen nan tèt li Mena Sterling , 13 zan prezidan , Rose-Bianca Lauture , 12 zan san bliye sekretè jeneral primati timoun-nan Dawoudly Denis .

Nap siyale bon travay plizyè oganizasyon kap reyalize bon travay nan mitan timoun tankou : Enpak , Save the Children, World Vision…Tèt responsab yo te retni pou jounen sa a se Timoun se Boujon Lespwa.

Pou koute yon pwogram Pawòl Timoun te reyalize sou konsèy dè minis timoun yo ann Ayiti klike sou ikon ki agoch la.
XS
SM
MD
LG