Accessibility links

Breaking News

Meksik; Efò Prezidan Calderon pou Chanje non Peyi a


Nan peyi Meksik, Prezidan Felipe Calderon ap mete dènye men nan yon pwopozisyon ki ta kapab pèmèt yo chanje non peyi a anvan li kite pouvwa nan 8 jou.

Non ofisyèl Meksik se “Los Estados Unidos de Mexico” sa vle di an kreyò “Etazini Meksik“ men moun preske pa itilize non sa a, eksepte nan kèk dokiman ofisyèl.

Jedi 22 novanm nan, Prezidan Calderon siyen yon pwopozisyon refòm konstitisyonèl ki mande eliminasyon non peyi a te adopte depi nan ane 1824.

Sa preske gen 10 zan depi Mesye Calderon ap fè demach pou yo rele peyi a “Meksik” tou senpleman.

Li presize:
"Nonu bay peyi nou pa dwe kontinye sanble ak non lòt peyi, jan sa te fèt nan 19e syèk la."

Refòm konstitisyonèl pou chanje non Meksik la dwe jwenn apwobasyon majorite a nan 2 chanm palman peyi a.
XS
SM
MD
LG