Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ameriken Jimmy Carter Inogire kay nan Leyogàn


Ansyen prezidan ameriken Jimmy Carter, ki ale ann Ayiti nan kòmansman semèn nan, inogire kay nan Leyogàn pou viktim tranblemanntè janvye 2010 la. Li fè deplasman an avèk madanm li, Rosalyn Carter.

Yon lòt kote, yon apèl pou grèv chofè kamyonèt ak taksi te lanse pou lendi 26 janvye 2012 la, jwenn rezilta depaman nan divès katye nan kapital la, Pòtoprens. Nouvèl yo fè konnen moun respekte modòd la nan pati sid kapital la, tankou nan Kafou, plis ke tout lòt kote.

Anfen, otorite ayisyen yo pran dispozisyon pou yo konbat ensekirite a ki rekòmanse parèt nan peyi a, espesyalman nan Pòtoprens ak Jakmèl
XS
SM
MD
LG