Accessibility links

Breaking News

Yo Re-Antere Kadav Defen Lidè Palestinyen Yasser Arafat


Otorite palestinyen yo di ekspè entènasyonal re-antere kadav defen lidè palestinyen Yasser Arafat aprè yo te fin detere l pou yo chache plis prèv sou koz lanmò li.

Otorite yo di ekspè yo te detere kadav la byen bonè madi 27 novanm 2012 la nan yon mozole kote li te antere nan vil Ramallah, nan Si-Jodani.

Yo remèt espesyalis fransè, swiss, ris ak palestinyen echantiyon yo pran sou kadav la pou yo ka al fè analiz sou yo.

Nan komansman ane 2012 la otorite fransè yo te pase lòd pou yon ankèt fèt sou lanmò Mesye Arafat aprè yo te dekouvri polonium, yon sibstans radyo-aktif mòtèl, sou rad defen an ke madanm li te remèt yo.

Polonium se yon sibstans ki dekonpoze rapidman; e kèk ekspè di li yo poko ka di avèk asirans si echantiyon ki rete yo ap sifi pou moun fè bon jan tès sou yo.
XS
SM
MD
LG