Pwosè Prezidan Trump Ki Gen Pou Fèt nan Sena a Fè Tout Zye Brake sou Chèf Kou Siprèm nan Jij John Roberts

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ameriken an Donald Trump (adwat) kap pale ak Jij Kou Siprèm John Roberts,

Pwosè destitisyon prezidan Donald Trump la fè tout zye brake sou Jiji Kou Siprèm John Roberts, ke yon prezidan repibliken te nome.

Sepandan, sè dènye tan, Jij Roberts fè kwè ke Kou Siprèm nan pa yon tribinal paspouki, men pito la pou sèvi kòm abit nan nempòt ka ki prezante devan li.

Nan ka jijman prezidan Donald Trump nan Sena a, se Jij Roberts kap fè jijman e senatè yo ki an majorite repibliken ap la kòm manm jiri kap genyen pou di si prezidan an koupab ou non.

Mèkredi 18 desanm nan chanm depite a nan Kongrè te vote pou mete prezidan an akizasyon pou abid pouvwa ak obstriksyon nan travay Kongrè a ki tap mennem envestigasyon sou li.

SEE ALSO: Chanm Depite Ameriken an, Demokrat yo Kontwole, Enkilpe Prezidan Donald Trump