Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite Ameriken an, Demokrat yo Kontwole, Enkilpe Prezidan Donald Trump


Chanm bas Kongrè ameriken an nan moman vòt pou enkilpe prezidan Donald Trump mèkredi 18 desanm 2019 la.
Chanm bas Kongrè ameriken an nan moman vòt pou enkilpe prezidan Donald Trump mèkredi 18 desanm 2019 la.

Chanm dè Reprezantan Etazini an ki gen Demokrat an majorite fè yon vòt ki apwouve 2 chèf dakizasyon yo lanse ofisyèlman kont Prezidan Donald Trump. Premye akizasyon an di Prezidan Trump komèt abi pouvwa. 2zyèm nan di li anpeche Kongrè a fè travay li lè yo tap mennen ankèt sou aksyon Prezidan an te komèt.

Aprè Chanm dè Reprezantan Etazini an fin akize Prezidan Trump ofisyèlman, Sena a kapab jije prezidan Repibliken an ak posiblite pou retire l sou pouvwa a. Sepandan, daprè analis yo Sena a ki gen Repibliken an majorite kapab akite misye Trump.

Depite yo ak 230 vwa pou, 197 kont vote pou akize Prezidan Trump pou abi pouvwa. 229 depite vote pou akize prezidan an pou obstriksyon kont Kongrè a, 198 vote kont. Prezidan Trump pa janm sispann kritike demokrat yo poutèt dapre li yo pa janm dijere defèt yo sibi nan eleksyon 2016 la. Se 3èm prezidan ameriken chanm depite a enkilpe nan 243zan istwa Etazini.

Sena a pral transfòme an tribinal pou jije prezidan an. Prezidan kou siprèm nan ap dirije tribinal la. Senatè yo pral sèvi kòm manm jiri. 67 senatè swa 2tyè gran kò a dwe jwenn prezidan Trump koupab avan yo retire l sou pouvwa. Repibliken yo kap sipòte prezidan an kontwole Sena a ak 53 vwa kont 47 pou demokrat yo. Jijman an kapab kòmanse an janvye 2020.

XS
SM
MD
LG