Accessibility links

Breaking News

Yon Vòt Posib Jedi 12 Desanm nan sou Lis Akizasyon Ki Jistifye yon Jijman Kont Prezidan Trump


Pezidan Komisyon Afè Jidisyè a nan Lachanm nan, Depite Jerrold Nadler, (D-NY, agoch), avèk Doug Collins (adwat), pi gwo depite repibliken nan komisyon an pandan yo t ap tande lekti akizasyon yo kont Prezidan Donald Trump nan Kongrè a nan dat 11 desanm 2019 la.
Pezidan Komisyon Afè Jidisyè a nan Lachanm nan, Depite Jerrold Nadler, (D-NY, agoch), avèk Doug Collins (adwat), pi gwo depite repibliken nan komisyon an pandan yo t ap tande lekti akizasyon yo kont Prezidan Donald Trump nan Kongrè a nan dat 11 desanm 2019 la.

Ozetazini, Komisyon Afè Jidisyè a nan Chanm Depite a genyen pou l vote, depi nan jounen jedi 12 desanm 20019 la, pou l apwouve yon “lis akizasyon ofisyèl” ke manm li yo ak manm kèk lòt komisyon prepare kont Prezidan Donald Trump. Sa pral fèt nan moman Demokrat yo, ki gen majorite a nan Chanm Bas la, ap prese vit pou yo pini yon prezidan ki, daprè yo, komèt abidpouvwa tandiske Repibliken yo, bò kote pa yo, kritike pwosesis la kòmkwa li baze sou rezon politik e Demokrat yo pa gen ase prèv ki pou jistifye aksyon yo a.

Komisyon Afè Jidisyè a pase tout nuit mèkredi a ap fè deba sou lis akizasyon an ki repwoche Misye Trump deske li komèt yon abidotorite lè l te mande dirijan yon peyi etranje, an palan de Peyi Ikrèn, pou yo mele nan eleksyon ane 2020 an pou benefis pèsonèl li; lòt akizasyon an sè ke Misye Trump ta eseye bloke travay nòmal Kongrè a lè l te pase lòd pou otorite wo-plase nan gouvènman li a pa respekte manda yo te resevwa pou yo fè depozisyon nan ankèt manm Kongrè a t ap mennen sou konpòtman ilegal li.

Kidonk, deba k ap fèt sou faz final pwosesis la pral kontinye anvan Komisyon Afè Jidisyè a òganize yon vòt sou kesyon pou konnen èske li pral voye afè a devan tout asanble Lachanm nan. Prezidan Trump pale plizyè fwa pou l di li pa janm komèt yon aksyon ki pa sa e li konsidere kontak li te pran avèk prezidan ikrenyen an, Volodimyr Zelenskiy, kòm yon kontak ki te “totalman kòrèk”.

XS
SM
MD
LG