Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jijman Prezidan Trump: Deba sou Akizasyon yo Ranvwaye pou Vandredi Maten


Prezidan Komisyon Afè Jiridik Chanm Reprezantan an, Depite Jerrold Nadler (D-N.Y.,, nan mitan), ki t ap anonse ranvwa seyans la pandan pi gwo reprezantan Pati Repibliken an, Depite Doug Collins, (R-Ga., adwat),t ap koute.
Prezidan Komisyon Afè Jiridik Chanm Reprezantan an, Depite Jerrold Nadler (D-N.Y.,, nan mitan), ki t ap anonse ranvwa seyans la pandan pi gwo reprezantan Pati Repibliken an, Depite Doug Collins, (R-Ga., adwat),t ap koute.

Ozetazini, komisyon afè jiridik Chanm Depite a mete fen byen ta nan sware jedi 12 desanm 2019 la nan deba ki t ap fèt nan kad faz final pwosesis ki pou debouche jijman Prezidan Donald Trump pou vyolasyon konstitisyon amerikèn nan.

Deba yo, ki te kòmanse a 9:00AM, te fini vè 11:15PM, swa yo dire plis 14 zèdtan e prezidan komisyon an, yon depite demokrat Eta New York, Jerry Nadler, fikse repriz la pou vandredi 10:00AM. Daprè Misye Nadler, nan seyans vandredi a komisyon an pral vote sou lis akizasyon ofisyèl majorite demokrat la nan Chanm Bas la retni kont pezidan an. Komisyon an rejte tout tantativ Repibliken yo fè pou yo diminye pwa akizasyon yo oubyen voye yo jete kareman; olye de sa, majorite a vote pou voye akizasyon yo devan tout asanble Lachanm nan an-kè pou yon vòt ki byen kapab dewoule pa pi ta ke semèn pwochèn nan.

Lokal Kongrè ameriken an kote deba yo ap dewoule a.
Lokal Kongrè ameriken an kote deba yo ap dewoule a.

Vremanvre, nan seyans yè jedi a chak gwoup palmantè (Demokrat yon bò e Repibliken yon lòt bò) te pase lontan ak lanse akizasyon ak kont-akizasyon, repwòch ak kont-repwòch, pou wè si yon kan te ka konvenk lòt la pou l chanje lide sou dosye a. Finalman Demokrat yo (ki gen majorite a nan komisyon an) rejte efò Repibliken yo fè pou yo elimine akizasyon ki sèvi kòm baz jijman ki pral fèt kont Prezidan Trump la: asavwa li abize otorite li lè l te eseye fòse gouvènman Peyi Ikrèn nan pou l ouvè yon ankèt sou prensipal rival li nan pwochen eleksyon preziidansyèl ki fikse pou novanm 2020 an, ansyen vis-prezidan demokrat Joe Biden.

Komisyon an ap fè konsiderasyon tou sou yon lòt akizasyon ki di “administrasyon Trump la te chache bloke bon fonksyonnman Kongrè a lè l te refize soumèt plizyè santèn dokiman devan espesyalis ki t ap mennen ankèt sou afè a, epi li te anpeche kèk gwo zotobre nan gouvènman li a prezante nan Kongrè a pou yo fè depozisyon yo menm si yo te resevwa manda ofisyèl pou yo konparèt. Men, Demokrat yo rive kenbe 2 akizasyon yo nan plas yo e yo gen ase vwa nan tout asanble a pou pèmèt jijman prezidan an dewoule kanmèm pou afè a pase nan dènye faz la, swa yon vòt nan Sena a. Sepandan daprè previzyon yo, Repibliken yo, ki gen majorite a nan Grana Kò a, pral vote pou di menmsi prezidan an vyole konstitisyon an, vyolasyon an pa grav ase pou Kongrè a wete l sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG