Accessibility links

Breaking News

Etazini Politik: Majorite Demokrat la nan Chanm Bas la ap Pare Chemen an pou Jiman Prezidan Trump


Prezidan Komisyon Afè Jiridik Lachanm nan, Depite Jerrold Nadler (D-N.Y.), ki t ap li tèks 2 akizasyon majorite a retni kont Prezidan Trump: Abidpouvwa avèk efò pou bloke travay Kongrè a. (Vandredi 13 desanm 2019).
Prezidan Komisyon Afè Jiridik Lachanm nan, Depite Jerrold Nadler (D-N.Y.), ki t ap li tèks 2 akizasyon majorite a retni kont Prezidan Trump: Abidpouvwa avèk efò pou bloke travay Kongrè a. (Vandredi 13 desanm 2019).

Ozetazini, manm Komisyon pou Aplikasyon Règleman Chanm Depite a pral reyini nan jounen madi 17 desanm nan pou yo fikse pwosesis tout chanm nan pral suiv lè depite yo va ap konsidere dispozisyon konsènan jijman Prezidan Donald Trump la. Se yon fòmalite ki pral pare chemen an pou sa anpil obsèvatè prevwa kòm yon vòt kote manm yon pati politik pral vote nan yon sans epi lòt la pral vote nan sans kontrè a; sètadi Demokrat yo pral apwouve jijman an tandiske Repibliken yo pral vote kont li.

Nan moman pwosesis la ap pwoche pi prè yon vòt nan Chanm Bas la, Prezidan Trump lanse kèk ti tiya lendi sou majorite demokrat la ki akize li deske « li komèt anpil vyolasyon lwa federal yo » tèlman li abize pouvwa l kòm prezidan. Misye Trump ekri sou kont Tweeter li:

«Jijman fo mamit sa a se pi gwo zak brigandaj ki fèt nan tout istwa politik Lèzetazini. Medya k ap bay fo nouvèl yo ak Pati Demokrat la, ki se patnè yo, ap travay san dòmi pou yo rann lavi a difisil mezi yo kapab pou Pati Repibliken an ak tout sa li reprezante. » https://twitter.com/realDonaldTrump/status/1206573270121766912

Donald Trump –ki se 45èm prezidan Lèzetazini- byen kapab tounen 3èm lidè ameriken ki tonbe anba yon jijman pou vyolasyon kosntitisyon an pandan 243 zan istwa peyi a, menmsi li pa sanble ditou ke Sena a –ki anba kontwòl Repibliken yo- pral kore kondanasyon li nan yon jijman ki pral dewoule mwa pwochen an epi vote pou wete l sou pouvwa a. Lidè majorite a nan Sena a, Mitch McConnell, ki t ap pale semèn pase a sou chèn televizyon pa kab Fox News, ki baze Ozetazini, deklare chans ki genyen pou Gran Kò a vote pou revoke Prezidan an, “se zewo.”

XS
SM
MD
LG