Palmantè Ameriken yo Gen Opinyon Diferan sou Nivo Menas Iran Reprezante pou Lèzetazini

Sekretè Defans Etazini an,Patrick Shanahan, pandan li tap pral pale nan Kongrè a, Capitla Hill, madi 21 me 2019 la (Foto: AP/Patrick Semansky)

Palmantè ameriken yo gen opinyon diferan sou nivo menas Iran poze apre prezantasyon ekip sekirite nasyonal prezidan Trump la fin fè devan manm tou 2 chanm yo.

Delegasyon an eksplike ki jan menas Iran diferan jodi a pa rapò ak menas li te poze nan tan pase yo. Atak kont enterè ak pèsonèl ameriken kapab rive nenpòt moman dapre deklarasyon senatè repibliken Lindsey Graham fè nan laprès.

Sekretè deta Mike Pompeo, minis defans pwovizwa a Pat Shanahan ak chèf entè arm Lame ameriken nan Joseph Dunford te patisipe nan rakont la ki te dewoule ak tout pòt fèmen.