Antèman Ansyen Prezidan Ejipsyen, Mohamed Morsi, Chante nan yon Moske nan yo Prizon nan Vil Kèr

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Premye prezidan eli demokratikman an ejip e ke lame peyi a te ranvèse, Mohamed Morsi, pandan li te dèyè bawo akize nan yon tribinal nan Cairo, Ejip, 3 novanm 2014.

Antèman ansyen prezidan Ejipsyen Mohamed Morsi dewoule jodi madi a 18 jen 2019 la an prezans manm fanmi l nan yon moske ki sitiye nan yon prizon nan vil Kèr.

Defen Morsi, premye prezidan eli demokratiman ke militè yo te bay yon kou deta, mouri pandan li t ap fè depozisyon nan yon tribinal.

Yon tribinal te kondane ansyen prezidan Mohamed Morsi pou l pase 20 tan nan prizon pou responsablite li nan asasina plizyè manifestan ki te pran lari nan lane 2012. Jijman sa a tonbe nan kòmansman jounen madi 21 avril 2015 la.

Ansyen lidè a te chape anba posibilite pou l te resevwa yon kondanasyon a mò, paske tribinal la te jwenn li menm ak 12 lòt lidè ak patizan pati politik Fratenite Mizilman an koupab sèlman pou entimidasyon ak vyolans, men pa pou asasina.