Accessibility links

Breaking News

Yon Atak ak Machin Pyeje Touye pou Pi Piti 23 Moun nan Peyi Ejip


Kat Jewografik peyi Ejip
Kat Jewografik peyi Ejip

Nan peyi Lejip, otorite gouvènmantal yo fè konnen yon atak suisid ak machin pyeje ki fèt vandredi 7 jiyè 2017 la sou yon pòs enspeksyon militè nan pati nò rejyon Sinayi a koze lanmò 10 sòlda pou pi piti.

Atanta a rive lè 2 machin pyeje te eksploze nan moman yo tap pase bò pòs enspeksyon an ki sou yon wout tou pre vil Rafah.

Nan yon kominike lame ejipsyèn nan pibliye, li di yon total 26 sòlda mouri e plizyè lòt blese nan eksplozyon an, men yo poko bay twòp detay sou kantite militè ki pami mò yo ak bilan sa ki ta blese yo.

Kominike a kontinye pou l di, anvan atanta sa a, fòs de lòd ejipsyen yo te rive dejwe plizyè atak teworis sou divès pòs enspeksyon nan vil Rafah a.

XS
SM
MD
LG