Accessibility links

Breaking News

Pozisyon Lèzetazini sou Posiblite Negasyasyon ak Kore di Nò


Sekretè Deta Tillerson di pou negosyasyon fèt ak Kore di Nò sou pwogram nikleyè li a, se pou peyi a pare pou chita-tande serye fèt sou dosye a.
Sekretè Deta Tillerson di pou negosyasyon fèt ak Kore di Nò sou pwogram nikleyè li a, se pou peyi a pare pou chita-tande serye fèt sou dosye a.

Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson, ki tap pale nan jounen lendi 12 fevriye 2018 la, fè konnen nenpòt ki negosyasyon avèk Kore di Nò sou pwogram nikleyè ak balistik peyi sa a ka dewoule si -e sèlman si- nò-koreyen yo pare pou yo fè nan bon jan chita-koze sou kesyon an. Misye Tillerson ajoute :“Mwen panse li twò bonè pou moun pote yon jijman sou dosye a”. Chèf diplomasi Lèzetazini an pale konsa pandan yon vizit nan peyi Ejip kote li t ap bay yon konferans pou laprès ansanm ak minis afè etranjè peyi a, Sameh Shoukry, apre 2 diplomat yo te pale sou kesyon sekirite nan rejyon an, tankou sitiyasyon an nan Libi ak Siri epi sou pwoblematik izrayelo-palestinyen an.

XS
SM
MD
LG