Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Mande Israel Ede l Defann Tèt li Kont Misil, Pandan Batay Fewòs ap Dewoule Mariupol


Solda pwo La Risi chita nan yon tank pandan yon konfli an Ikren ak La Risi andeyo vil potye Mariupol, nan sid Ikren, 20 Mas 2022.
Solda pwo La Risi chita nan yon tank pandan yon konfli an Ikren ak La Risi andeyo vil potye Mariupol, nan sid Ikren, 20 Mas 2022.

Twoup Ris ak Ikrenyen yo te goumen pou kontwòl vil pòtyè Mariupol Dimanch, dapre otorite lokal yo. Yo di Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelnskyy mande Israel ede'l repouse atak La Risi kont peyi l.

Nan dènye apèl li lanse pou asistans etranje, Zelenskyy pwononse yon diskou devan palman Israelyen an pa videyo kote li kestyone pozisyon pentad Israel adopte pou l pa vann sistèm defans anti-misil Dome li a bay Ikrèn.

"Tout moun konnen sistèm defans anti-misil ou a pami meyè yo... e ke ou ka ede pèp nou, sove lavi Ikrenyen, sove lavi Jwif Ikrenyen yo, " Zelenskyy, ki se yon Jwif, deklare.

Premye Minis Israelyen an Naftali Bennett pale nan telefòn plizyè fwa ak ni Zelenskyy ni Prezidan Ris la Vladimir Putin pou eseye mete fen nan konfli a.

Mariupol soufri anba kèk nan bonbadman pi sevè envazyon Ris la, ki te tanmen 24 Fevriye. Anpil pami 400,000 abitan vil la toujou bloke san yo pa gen manje, dlo, ni elektrisite.

XS
SM
MD
LG