Accessibility links

Breaking News

Anplwaye Chernobyl yo, ki Bouke a Mò, Pran Yon Souf


Imaj satelit Maxar Technologies montre enstalasyon nikleye Chernobyl la nan Ikren pandan envazyon La Risi, Jedi 10 Mas 2022.
Imaj satelit Maxar Technologies montre enstalasyon nikleye Chernobyl la nan Ikren pandan envazyon La Risi, Jedi 10 Mas 2022.

Responsab santral nikleyè Chernobyl la, kote youn nan aksidan nikleyè pi gran mond lan janm konstate te rive an 1986, deklare Dimanch gen 50 anplwaye ki tap travay san rete depi fos Ris yo te sezi l 24 Fevriye pase a. Kounyea, yo gen chans al repoze paske gen anplwaye ki vinn ranplase yo.

Responsab yo te eksprime kè sote yo plizyè fwa ke anplwaye yo te bouke a mò apre plizyè semèn travay san pran souf e ke sa mete an danje sekirite santral la.

Otorite ki jere santral la pa bay okenn detay sou kijan yo te antann yo pou kite anplwaye yo pati epi fè lòt anplwaye vinn ranplase yo.

XS
SM
MD
LG