Accessibility links

Breaking News

Zelensky di Pòt la Rete Ouvè pou Chita Pale ak La Risi


Foto sa a ke Biwo Prezidans Ikrenyen an pibliye montre Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky kap p ale ak pep la sou telefon entelijan li anba lavil Kyev, Ikren, Samsi 25 Fevriye 2022.
Foto sa a ke Biwo Prezidans Ikrenyen an pibliye montre Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky kap p ale ak pep la sou telefon entelijan li anba lavil Kyev, Ikren, Samsi 25 Fevriye 2022.

KYEV - Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky di li ouvè a yon chita pale ak La Risi.

Zelensky dinan yon mesaj videyo Samdi ke Prezidan La Tiki, Recep Tayyip Erdogan ak Prezidan Azerbaijan an Ilham Aliyev ofri pou ede'l oganize yon rankont konsa. Li ajoute ke "nou ta akeyi sa."

Zelensky di limenm ak Erdogan "dakò ke yon entèdiksyon sou pasaj bato Ris yo nan Lanmè Nwa a trèz enpòtan jodia," e li ajoute ke "si sa fèt." La Tiki sepandan, poko anonse okenn entèdiksyon kont bato lagè Ris yo ki ta anpeche yo travèse lanmè Tik apre diskisyon ak Zelensky a.

Zelensky di tou ke diplomat Ikrenyen yo resi pran tèt alye Ewopeyen yo pou koupe aksè La Risi ak sistèm peman entènasyonal SWIFT la. Li di sa pral koute La Risi dè milya dola nan sa li dekri tankou "yon pri konkrè pou trayizon ak envazyon li fè nan Ikrèn nan."

Etazini ak responsab Inyon Ewopeyen yo di se posib pou yo mete La Risi deyò nan SWIFT nan kad pwochen seri sanksyon yo anvizaje yo, men yo poko anonse sa.

Zelensky di "Ikrenyen yo pare pou pwoteje peyi nou, solidarite nou ak kouraj nou bloke senaryo okipasyon peyi nou."

Prezidan an ajoute "le mond finn wè Ikrenyen pwisan, Ikrenyen vanyan, Ikrenyen kanpe sou teritwa yo e nou pap remèt li bay pèsonn."

XS
SM
MD
LG