Accessibility links

Breaking News

Yon Misyon LONU Fè Konsta Sityasyon Sekirite a an Ayiti


Yon paran pote pitit li apre li al chache l lekol, nan moman lapolis ap lanse yon operasyon kont gang yo nan katye Bel-Air la nan Potoprens, 3 Mas, 2023.
Yon paran pote pitit li apre li al chache l lekol, nan moman lapolis ap lanse yon operasyon kont gang yo nan katye Bel-Air la nan Potoprens, 3 Mas, 2023.

Yon gwoup 7 anplwaye Biwo Nasyonzuni pou Kowodinasyon Zafè Imanitè yo, OCHA monte abo yon elikoptè Mèkredi pou enspekte sityasyon sekiritè a nan Pòtoprens.

Yo tap vizite Ayiti pou fè konsta sityasyon imanitè aktyèl la, nan moman konfli ant gang yo gen move konsekans sou plis pase mwatye kapital la.

Tareq Talahma se Direktè Delegasyon OCHA ki vizite Ayiti.

"Premyèman, pèp Ayisyen an trè diyifye e asistans imanitè se pa sèl bagay yap chache. Kominote sa a ap chache lapè, sekirite ak pwoteksyon - se sak pi enpòtan an e fòk nou asire ke se priyorite nou. Mwen kwè nou tout konsidere tèt nou zanmi Ayiti e se poutèt sa nou la. Men mwen ta renmen pwofite opòtinite sa a tou pou'n envite kominote pi laj la, dyaspora a, moun ki te pran nesans nan peyi sa a pou yo ba nou kout men tou. Men prenpal bezwen kominote a isit se pwoteksyon, lapè ak sekirite."

Yon vizit nan avyon te sèl mwaye su pou manm misyon an fè konsta vil la.

Tarek Talamha di $700 milyon yo kotize pou Ayiti pa ase e li espere mande peyi manm LONU yo kontribye plis lajan.

"Nap mande plis pase $700 milyon dola Ameriken pou ede plis pase 3 milyon moun sou yon total 5 milyon ki nan bezwen. Kounyea nivo finansman ke nou genyen pa sa nou te espere donk se poutèt sa nou vwayaje Ayiti paske nou vle jenere plis resous pou ke nou ka reponn bezwen popilasyon an."

Pandansetan, nan Washington, anvwaye espesyal Nasyonzini pou Ayiti lanse avètisman pou di Mèkredi fòmasyon ak resous kominote entènasyonal la ap bay Ayiti pa ase pou konbat gang yo kap vin pi vyolan chak jou.

Helen La Lime, Direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti, BINUH te rejwenn sanzatann yon rankont Oganizasyon Eta Ameriken yo nan Washington. Li di li lè pou konsidere nouvo patenarya e li lanse apèl ankò pou yon fòs entèvansyon.

"Anyen pap chanje amwenske sityasyon an an Ayiti ak sekirite a chanje. Ou tande kidnaping ogmante, zak vyolans seksyèl ap dewoule nan niwo moun poko janm konstate anvan. Epi - kisa nap fè Even se yon jefò kolektif. La Frans ap bay fòmasyon, Etazini atravè viwo Nakotik Entènasyonal ak Ranfòsman Lwa yo gen yon gwo pwogram sekiritè pou travay ak inite espesyal taktikal SWAT yo. Epi noumenm, nou gen yon misyon ki pi piti - apepre 20 polisye LONU kap travay ak polis nasyonal la. Nap travay nan divès domèn men nou pa atenn objektif nou. "

Gang puisan enfliltre kominote ki te pezib nan kapital la ak lòt kote. Ekspè yo estime gang yo kontwole apepre 60% Potoprens kounyea.

Yo piye katye, vyole granmoun kou timoun, epi kidnape dè santèn viktim soti depi nan misyonè Ameriken pou rive nan moun kap vann manje nan lari. Objektif yo se kontwole plis teritwa. Zak vyolans yo vin pi grav depi asasina Prezidan Jovenel Moise, an 2021.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG