Accessibility links

Breaking News

El Salvador: Gouvènman Transfere 2,000 Lòt Sispè Nan Nouvo Prizon li Bati Espesyalman Pou Manm Gang yo


EL SALVADOR-CÁRCEL-PANDILLAS
EL SALVADOR-CÁRCEL-PANDILLAS

SAN SALVADOR, El Salvador (AP) — Gouvènman Salvadò a transfere 2,000 lsispèk anplis nan yon nouvo prizon ke li bati espesyalman pou manm gang, e minis jistis la fè sèman ke “yo pap janm retounen” nan lari ankò.

Deklarasyon sa vini Mèkredi apre administrasyon Prezidan Nayib Bukele a te mande yon lòt ekstansyon nan yon plan dijans pou destabilize gang nan peyi a, ki rive sou 13èm mwa li.

Apeprè 65,000 moun te jwenn arestasyon yo nan kanpay ke gouvènman an ap mennen kont gang. Gwoup dwa moun yo di gen anpil abi ki ap fèt nan mouvman sa a.

Gouvènman an te anonse gwo transfè prizonye sa avek yon videyo ke yo te pibliye ki montre yo te fòse prizonye yo desann eskalye pye atè ak menòt nan ponyèt yo e rete pil-sou-pil nan selil.

XS
SM
MD
LG