Accessibility links

Breaking News

Lapolis Ayiti ap Pouswiv kèk nouvo Sispèk Nan Dosye Asasina Prezidan Jovenel Moïse


Haiti Police Funeral
Haiti Police Funeral

PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Otorite ann Ayiti idantifye kèk nouvo sispèk nan asasinay Prezidan Jovenel Moïse, pami yo yon pastè ak yon chef gang ke anpil moun konnen.

Gary Desrosiers ki se pòtpawòl lapolis, te di nan yon entèvyou Vandredi sou Radyo Televizyon Caraïbes ke yo te mete manda tou dèyè 8 polisye.

Okenn nan nouvo sispèk yo pako jwenn arestasyon.

Li pa t klè ki wòl yo ta swadizan jwe nan asasina a. Desrosiers idantifye chef gang lan kòm Vitel'Homme Innocent.

Li se chef gang Kraze Barye e FBI ap chèche li tou.

Ajans ameriken an akize l kòmkwa li te patisipe nan kidnaping ki te fèt sou 17 misyonè ameriken ann Oktòb 2021.

XS
SM
MD
LG