Accessibility links

Breaking News

1 Milyon 100 Mil Timoun Venezuelyen nan Nesesite pou Pwoteksyon ak Sèvis Debaz Dapre UNICEF


Yon dam kap mache ak yon gwoup timoun apre lekòl fin lage nan Karakas, Venezuela. 3 avril 2019. Foto: REUTERS/Manaure Quintero NO
Yon dam kap mache ak yon gwoup timoun apre lekòl fin lage nan Karakas, Venezuela. 3 avril 2019. Foto: REUTERS/Manaure Quintero NO

UNICEF (Ajans Nasyon Zini pou Timoun) fè konnen anviwon yon milyon 100 mil timoun venezwelyen pral bezwen, pandan ane 2019 la, sa ajans la rele "pwoteksyon ak posibilite pou yo jwenn sèvis de baz nan peyi latino-ameriken ak Karayib kote yap viv jounen jodiya."

Dapre UNICEF, kantite sa a genyen ladan n timoun venezwelyen ki deplase kite peyi yo, sa ki deja retounen, plis sila yo kap viv nan peyi vwazen, kit se yon fason pèmanan, kit se yon fason pwovizwa.

Ajans l'ONU an ajoute, patnè imanitè rejyonal li yo (tankou Brezil, Kolonbi, Gayana, Panan, ak Trinidad e Tobago) fè kalkil ki montre anviwon 4 milyon 900 mil venezwelyen (granmoun kou timoun) kap viv nan peyi sa yo pral bezwen asistans ane sa a akoz sitiyasyon politik e ekonomik malouk kap devlope nan Venezwela e ki oblije sitwayen peyi a pati al viv lòt kote.

XS
SM
MD
LG