Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Kondane yon Nèg ki te Debake nan Capitol la ak yon Zam 6 Janvye, pou l Pase Pliske 7 an Nan Prizon


Foto Achiv: Desen yon atis montre Guy Wesley Reffitt ak avoka li William Welch, nan tribinal federal Washington, 28 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Desen yon atis montre Guy Wesley Reffitt ak avoka li William Welch, nan tribinal federal Washington, 28 Fevriye 2022.

Yon moun Texas ke yon tribinal federal jwenn koupab dèske li te debake nan Capitol la ak yon pistolè, yon kaskèt ak materyo pou pwoteje tèt li kont bal kondane pou'l pase 7 an ak 3 mwa nan prizon.

Se santans pi long yon tribinal enpoze jiskaprezan kont yon moun ki te patisipe nan atak kont Capitol la.

Avoka gouvènman an di Guy Reffitt te di manm gwoup milisyen ki rele Texas Three Percenters la ke li te gen entansyon rale pa cheviy li epi trennen lidè la Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi soti nan bilding Capitol la "pandan tèt li ap frape chak mach eskalye pandan lap desann," dapre dokiman tribinal la pibliye.

Reffitt se premye moun ki te konparèt devan tribinal pa rapò ak atak 6 Janvye a.

XS
SM
MD
LG