Accessibility links

Breaking News

Ansyen Avoka Mezon Blanch Cipollone Temwanye Dèyè Pòt Fèmen Devan Komisyon 6 Janvye-a


Pat Cipollone, who was White House counsel under then-President Donald Trump, walks to an interview room after a break in the Ford House Office Building to answer questions from investigators with the Jan. 6 Select Committee, on Capitol Hill in Washington
Pat Cipollone, who was White House counsel under then-President Donald Trump, walks to an interview room after a break in the Ford House Office Building to answer questions from investigators with the Jan. 6 Select Committee, on Capitol Hill in Washington

Vandredi 8 Jiyè 2022 a nan Washington, ansyen avoka Mezon Blanch Pat Cipollone te rive nan Capitol Etazini-an pou temwaye ak pòt fèmen devan Komisyon 6 Janvye-a.

Yon gwo manm nan ekip ansyen Chef Pèsonèl Mezon Blanch-la te temwaye anvan sa devan Trump ki te vin pi fache e pi fristre, pou di-l ke efò-li pou chavire rezilta eleksyon prezidansyèl 2020-yo ap echwe.

Gwo manm pèsonèl-la, Cassidy Hutchinson, te temwaye ke Cipollone te avèti ke ap gen "konsekans legal grav" k-ap mennen nan 6 Janvye. Madam Hutchinson te temwaye ke nan maten anvan atak-la, Cipollone te di, "Yo pwal lage sou do-nou mezi krim ke yo ka imajine."

"Ou pwal wè nan kèk depozisyon k-ap vini-yo ti moso nan sa-l te di yo. Sètenman, ou pwal wè anpil nan bagay sa-yo nan rapò-a, men okenn kote, pa gen anyen nou di ki kontredi sa okenn lòt moun te temwaye. Pou rès-la, mwen pwal blije rezève-l pou-m prezante-l devan komisyon-an."

Trump bò kote pa-l, kontinye voye gwo kritik piman bouk kont manm-yo nan komisyon-an ke-l kalifye kòm moun k-ap fè chèlbè e travay-yo-a kòm yon wont. Lòt jou la-a li te moute sou Truth Social, platfòm medya sosyal ke li te kreye-a, pou di "Poukisa yon Prezidan Etazini nan lavni ta vle pale kare e gen konvèsasyon enpòtan ak Avoka Mezon Blanch sa-a si-l ta panse ke gen menm yon ti chans tou piti ke moun sa-a, ki aji esansyèlman kòm 'avoka' pou peyi-a, yo ka mennen-l devan yon komisyon nan kongrè-a k-ap defann ouvètman enterè yon pati ki klèman pa vle wè prezidan-an?"

Tou sa vini apre yon semèn kote komisè IRS (ki Internal Revenue Service), an palan de biwo Kontribisyon Etazini-an, te mande pou-l repase tout pakèt audit ki te fèt sou dosye taks ansyen direktè FBI James Comey, ak ansyen Asistan Direktè Andrew McCabe, 2 moun ke Trump te vize anpil fwa e an piblik pandan prezidans-li-a.

Trump tounen premye prezidan nan tan modèn-nan ki pa-t janm moutre dosye taks-li.

XS
SM
MD
LG