Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Jwenn Trump Soulve 'Outraj Tribinal la' nan Kont ant Limenm ak Minis Jistis Nouyòk la


Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump pale pandan yon miting politik nan Delaware, eta Ohio, 23 Avril 2022.
Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump pale pandan yon miting politik nan Delaware, eta Ohio, 23 Avril 2022.

Yon jij nan Nouyòk jwenn ansyen Prezidan Etazini Donald Trump koze "outraj tribinal la" apre li pat reponn yon fason adekwa a asiyasyon minis jistis eta a voye ba li nan kad yon ankèt sou komès li yo.

Jij Arthur Engoron pase lòd Lendi pou Trump peye yon amann $10,000 pa jou.

Minis Jistis Nouyòk la Letitia James, ki se yon Demokrat, te mande tribinal la pran jijman sa a kont Trump apre li pat respekte dat limit 31 Mas li te enpoze pou misye voye dokiman yo ba li.

Trump, ki se yon Repibliken, ap goumen ak James nan tribinal poutèt ankèt la, ke li deklare ap fèt pou rezon politik e ki se yon "chas sòsyè".

Pòt pawòl Trump yo poko reponn demann Associated Press fè pou komantè.

XS
SM
MD
LG