Accessibility links

Breaking News

Anrejistreman: Depite McCarthy te di li Tap Ankouraje Trump Demisyonen


Foto Achiv: Lide Minorite Repibliken La Chanm de Reprezantan Etazini Kevin McCarthy ki reprezante eta Kalifoni, pandan yon konferans pou lapres 3 Dec. 2021.
Foto Achiv: Lide Minorite Repibliken La Chanm de Reprezantan Etazini Kevin McCarthy ki reprezante eta Kalifoni, pandan yon konferans pou lapres 3 Dec. 2021.

Lidè Repibliken nan La Chanm dè Reprezantan Kevin McCarthy te di lòt palmantè Repibliken yo yon ti tan apre revòlt 6 Janvye nan Capitol la ke li tapral ankouraje Prezidan Donald Trump pou'l demisyonen.

Nouvèl sa a soti nan yon anrejistreman jounal New York Times pibliye Jedi, ke li jwe nan pwogram televizyon Rachel Maddow la ki pase sou rezo televizyon Ameriken MSNBC.

New York Times rapòte anrejistreman an te fèt 10 Janvye 2021, e ke se te yon konvèsasyon and lidè Repibliken nan La Chanm kote yo te diskite sou jefò Demokrat yo tap fè pou wetire Trump sou pouvwa a.

McCarthy di lot palmantè yo nan anrejistreman an ke li pral di Trump "Mwen kwè wap pase kap la, e rekomandasyon mwen se ou dwe demisyonen."

Apre jounal Times pibliye yon atik sou sa Jedi, McCarthy pibliye yon deklarasyon kote li di di repotaj la "fo e pa kòrèk."

XS
SM
MD
LG