Accessibility links

Breaking News

Trump Pwobableman Komèt Krim Lè li Anpeche Kongrè a Fè Travay li, yon Jij Ameriken deside


Foto Achiv: Donald Trump a goch, Donald Trump Jr. (mitan) epi pitit fi li Ivanka Trump nan Washington, 10 Sept. 2013.
Foto Achiv: Donald Trump a goch, Donald Trump Jr. (mitan) epi pitit fi li Ivanka Trump nan Washington, 10 Sept. 2013.

Yon jij deside Lendi ke ansyen Prezidan Donald Trump "te pwobableman" komèt yon krim lè li te eseye anpeche Kongrè a fè travay li epi ranvèse rezilta eleksyon 2020 an, 6 Janvye 2021.

Jij federal David Carter nan Los Angeles di desizyon li ke komite Kongrè a kap mennen ankèt sou atak patizan Trump yo te lanse kont Capitol la, kapab resevwa kourye elektwonik avoka Trump la, John Eastman te voye.

"Dapre prèv mwen wè, Tribinal la jwen ke gen anpil chans ke Prezidan Trump te aji yon fason koronpi lè'l te eseye rete Sesyon Konjwen Kongrè a, 6 Janvye 2021," Carter di nan yon desizyon li pibliye.

XS
SM
MD
LG