Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta Peye Plis Pase $2 Milyon pa Mwa Pou Sekirize Ansyen Sekretè Deta Mike Pompeo


CPAC Pompeo
CPAC Pompeo

Depatman d'Eta fè konnen li peye plis pase $2 milyon pa mwa pou bay ansyen sekretè d'Eta Mike Pompeo avek yon otorite wo plase nan ekip li sekirite 24 sou 24, paske yo fè fas a menas grav ke moun ka kwè, ki soti bò kote Iran.

Depatman d'Eta di kongrè a nan yon rapò ke pri pou proteje Pompeo ak ansyen anvwaye nan Iran Brian Hook ant mwa Out 2021 ak Fevriye 2022 monte rive nan $13 milyon 100 mil dola. Rapò sa a ki pote dat 14 fevriye, ke Ajans nouvel Associated Press te jwenn samdi, li make "delika men pa sekrè" .

Pompeo avek Hook te dirije kanpay pou administrasyon Trump la fè mezi presyon posib kont Iran e rapò a fè konnen sèvis ranseyman Etazuni te jwenn ke se tout tan te gen menas kont yo depi yo te kite gouvenman an e ke menas sa yo ka vin ogmante. Menas sa-yo te pèsiste, menm-lè administrasyon Joe Biden nan te angaje-l nan negosyasyon endirèk avek Iran pou Etazini ka retounen nan akò nikleyè istorik 2015 la.

XS
SM
MD
LG